
Pandan seremoni sa nouvo konsèy minisipal Wanament lan, ki t ap fèt nan yon klima ensekirite administratif san pwotokòl tankou aktivite rara ak kanaval, absans Delege Depatmantal Nòdès la, Dionel Germain, vin bay plas a anpil konfizyon ak entèwogasyon. Plizyè obsèvatè panse absans Delege a pa t san rezon. Daprè kèk enfòmasyon, nouvo manm konsèy sa te prete sèman san yo pa t gen lèt anpliyasyon ofisyèl nan men yo.
Kèk sitwayen ak jiris estime sa se yon mankman grav nan transparans ak respè pou règleman administratif yo. Ajoute sa, arete nominasyon ki pibliye nan jounal ofisyèl peyi a «Le Moniteur» nan dat 26 dawout 2025 lan, gen yon erè materyèl enpòtan sou non yon manm, kote li mansyone «Hervé Pierre Louis» poutan pèsonaj ki prete sèman jodia devan jij Renaud Pierre a se «Hervé Pierre», kite parèt sou tout pyès idantite konsène a. Èske se menm pèsonaj la? Èske pa ta dwe gen koreksyon ki pote avan prèstasyon sèman ak enstalasyon sa? Eske pa ta dwe gen yon desizyon jistis pou konfime Hervé PIERRE LOUIS ak Hervé PIERRE se menm pèsonaj la?
Reyaksyon yo pa t pran tan. Sitwayen yo mete an dout legalite ak transparans seremoni enstalasyon sa a. Yo wè absans Delege Germain lan kòm yon siy dezangajman ak pwosesis la, swa pou mankman legal, swa paske li t ap tann plis presizyon oubyen tou li pa t santi te gen dispozisyon ki te pran pou pwotokòl administratif te orandevou. Sitiyasyon sa yo mete plis mefyans sou sistèm gouvènans lokal la, nan Yon kote peyi a ta dwe ap eseye reprann kontwòl enstitisyon yo.
Nan moman kote popilasyon an ap chèche konfyans nan otorite yo, konfizyon sa yo vin mete plis sispisyon sou kredibilite konsèy la ak sou jan Leta ap jere dosye administratif li yo. Plizyè aktè nan sosyete sivil la lanse apèl pou plis transparans, klète legal, epi respè pou règ ak prensip ki gouvène fonksyònman entitisyon piblik yo.
Se yon sitiyasyon ki mete Jij Renaud Pierre anba gwo kritik, paske anpil moun panse li pa t dwe resevwa prèstasyon sèman sa pou moun ki non sèlman pa gen lèt anpliyasyon men tou ki gen konfizyon sou idantite yo.
Nap souliye nouvo konsèy minisipal ki prete sèman epi enstale ofisyèlman nan tèt Mèri Wanament lan jodi mèkredi 3 septanm 2025 lan, gen ladanl Mèt Jose Tidé kòm Prezidan, Ing. Hervé Pierre (Hervé PIERRE LOUIS) ak Madam Adeline Joseph kòm manb.




