
Jodi lendi 4 dawou 2025 la, tansyon te monte pi rèd nan espas dwàn Wanament lan kote yon gwoup kòmèsan rejte ak tout fòs desizyon ladwàn ki te egzije yo peye 600 dola ameriken pou dedwane chak tòn fè. Revandikasyon sa a te mennen nan yon leve kanpe rapid ak yon eksplozyon mekontantman ki te ka fasilman vire an yon kriz pi grav.
Sitiyasyon an te vin plis konplike lè ajan ladwàn yo, anba presyon ak panik, te lage bal sou kawotchou kèk kontenè kòm mwayen dispèsyon, sa ki lakoz anpil dega materyèl. “Kote sa a se sous lajan pou Leta, men se tou sous mizè pou kòmèsan,” dapre sa yon manifestan te lanse.

Sou lòt bò, Jackson raple gen plis pase 20 lane depi oligak nan Pòtoprens te mete entèdiksyon sou dedwàn kontenè fè. Jodi a, asosiyasyon kòmèsan Gran Nò yo kraze chèn sa a, leve defi a pou tout tan. Sepandan, li soulinye ke sèlman 3 kòmèsan lokal te parèt pou apiye mouvman an, sa ki mete aksan sou feblès mobilizasyon lokal.
Malgre sitiyasyon an te gen tout aparans yon konfli san solisyon, finalman, aprè plizyè èdtan negosyasyon trè chofe, de (2) pati yo (kòmèsan yo ak responsab ladwàn) te rive jwenn yon antant ki satisfè revandikasyon yo, selon sa reprezantan “Asosyasyon Komèsan Gran Nò yo, Florian Jackson, konfime nan mikwo laprès.

Nan mitan mizè, soufrans ak ensekirite pèp la ap travèse, dwàn Wanament lan kolekte e voye 220 milyon goud nan kès Leta. Sa soulve kesyon sou ki jan resous sa yo itilize, pandan popilasyon an kontinye ap viv nan nesesite.

Mobilizasyon sa a, si l pa make yon chanjman rapid, li kapab ouvè pòt pou lòt soulèvman menm jan an, kote kòmèsan ak sitwayen yo ap mande plis jistis ekonomik ak respè.
