
Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD) fè yon piblikasyon sou kont ofisyèl li sou X li jodi jedi 11 septanm 2025 lan pou raple tout kontribiyab yo taks 25% pou pwoteksyon anviwònman an (TPE) jwenn fòs legal li nan bidjè rektifikatif 2014-2015 ki te parèt nan jounal ofisyèl peyi a «Le Moniteur», nan dat 27 mas 2015. Objektif AGD a se pote limyè pou opinyon piblik la sou fondman legal taks sa epi enpòtans li gen nan pwoteksyon anviwònman an.
Nan menm dokiman sa a, Leta prevwa yon taks 10 % sou enpòtasyon plizyè pwodwi itilize tankou kawotchou, batri, ak izaje (sa nou rele pèpè a). Men, mezi ki pi enpòtan an se taks 25 % ki frape tout machin ki fin depase yon kantite ane itilizasyon. Desizyon sa pran pou limite antre machin twò vye ki souvan pote polisyon ak konsome plis kabiran ke nòmal.
Kategori machin ki konsène yo se machin pèsonèl ki gen plis pase sèt (7) ane, machin sèvis oswa transpò machandiz ki gen plis pase sèt (7) ane, otobis ki sèvi pou transpò pasaje ki gen plis pase sèt (7) ane, ansanm ak gwo kamyon transpò machandiz ki depase douz (12) ane. Nan sans sa, mezi fiskal la sèvi kòm baryè pou anpeche peyi a tounen yon depotwa machin an movèz eta (bobota) ki pral ogmante polisyon ak degradasyon anviwònman an.
Avèk rapèl sa, Administrasyon Jeneral Dwàn lan vle montre Taks pou Pwoteksyon anviwònman an se pa yon nouvo chaj fiskal, men se yon dispozisyon legal ki egziste depi 2015. Desizyon sa te pran yon fason pou Leta montre li angaje l tout bon nan yon politik fiskal ki enplike pwoteksyon anviwònman an. AGD envite enpòtatè yo ak tout sitwayen pou respekte lwa fiskal yo nan lide pou kontribye nan bati yon peyi ki pi pwòp ak yon popilasyon pi an sante.



