
Nan lide pou mete plis transparans ak lòd nan fason pwojè kominotè ap fèt nan depatman Nòdès la, Délégasyon Depatmantal lan mete deyò yon sikilè ofisyèl kote li egzije tout ONG, asosiyasyon ak òganizasyon prive sou teren an pou voye rapò detaye sou chak pwojè oswa aktivite yo ap mennen.
Dokiman sa, ki pote siyati Delege Depatmantal Nòdès la Dionel GERMAIN, bay enstriksyon klè sou sa rapò sa yo dwe genyen kòm kontni. Otorite yo mande pou chak òganizasyon soumèt rapò yo a atravè Vis-Délégasyon ki kouvri zòn kote pwojè a ap egzekite a, epi voye kopi bay Délégasyon an tou.
Rapò sa yo dwe genyen: tit pwojè a, dire li, bidjè total ak sous finansman yo, non ak fonksyon moun ki nan ekip aplikasyon an, rezilta ki deja reyalize, ansanm ak tout dokiman legal ak fiskal ki pwouve òganizasyon an ap fonksyone legalman.
Sikilè a mete aksan sou atik 15, 16, 19 ak 22 nan dekrè 17 me 1990 ki bay Delege a dwa sipèvize, oryante ak pwoteje tout inisyativ devlopman k ap fèt nan depatman an. Delegasyon an antre nan demach sa nan lide pou veye sou bon jan fonksyònman tout aktivite ekonomik, sosyal ak kiltirèl nan zòn nan.
Mezi sa yo vize evite magouy, gaspiyaj resous ak mank kontwòl, e yo ta dwe ranfòse konfyans ant popilasyon an ak aktè devlopman yo. Delegasyon Nòdès la ankouraje tout sektè konsène yo pou mete tèt ansanm pou asire respè lalwa, transparans, ak entegrite nan jan pwojè yo ap egzekite.
Délégasyon Nòdès lan kwè se bon jan kolaborasyon ak angajman kolektif ki ka sèvi kòm chemen pou devlopman dirab rive nan tout komin depatman an.
