
Tribinal federal nan distri Lès Wisconsin kondane Jean Eliobert Jasme, plis konnen sou non “Edy One, pou nèf (9) ane prizon ak yon amann yon milyon dola, daprè sa pwokirè ameriken yo anonse 18 septanm 2025. Ansanm ak santans lan, li gen pou l pase kat (4) ane liberasyon sipèvize apre li fin ranpli prizon. Jasme, ki gen 63 lane, te deja ekstrade soti Ayiti an 2022 pou reponn ak akizasyon konplo pou distribye plis pase 500 gram kokayin ki te destine pou mache ameriken an.
Daprè ankèt otorite amerikèn yo, Edy One te yon pyonye nan trafik kokayin nan karayib la pandan plizyè dizèn lane, kote li te gen kontak solid nan Kolonbi, Venezyela, Repiblik Dominikèn, ak Ayiti. Li te gen pwòp avyon ak bato pou transpòte gwo kagezon dwòg li yo, ki souvan t ap travèse nan direksyon Milwaukee ak lòt vil amerikèn yo. Pou sèvis sa yo, li te touche komisyon ant 25% ak 30% sou kagezon yo, e nan kòmansman ane 2022, li te deja planifye transpò plis pase 8,800 liv kokayin soti nan Kolonbi pou rive Ayiti atravè Bahamas.
Sa a pa premye fwa non Jasme parèt nan dosye lajistis amerikèn. An 2004, li te plede koupab devan yon tribinal federal nan Miami pou akizasyon konplo nan enpòtasyon kokayin. Nan moman sa a, li te aksepte kolabore ak otorite yo sou dosye koripsyon ki te konsène ansyen prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide. Men fwa sa a, dapre yon sous ki ki konnen dosye a byen, li pa t ofri menm kolaborasyon an, malgre yon tantativ dènye minit pou retire plede koupab li a. Nan lèt li te voye bay tribinal la, li te denonse kondisyon medikal li nan detansyon an ak karans asistans legal ki efikas.
Daprè DEA, arestasyon Jasme an nan mwa mas 2022 nan peyi Dayiti make youn nan pi gwo kout filè nan batay kont rezo trafik dwòg nan rejyon an, malgre biwo DEA nan Pòtoprens te sou presyon akoz akizasyon koripsyon ak echèk nan operasyon anvan yo. Dosye tribinal yo fè konnen li te sèvi ak lyen nan mitan polis nasyonal ak gwoup ame nan Taba pou fasilite transpò ak distribisyon kagezon yo. Pandan ajan ameriken yo te entèsepte youn nan gwo kagezon li yo, Jasme te finalman transfere Etazini kote arestasyon sa pral pèmèt lajistis amerikèn mete yon bout nan youn nan pi long karyè kontrebann ak trafik dwòg nan karayib la.



