
Mèkredi 6 Dawou 2025, operasyon debleyaj twotwa yo ak espas piblik yo, Delegasyon Depatmantal Nodès la te deja anonse a, finalman pran fòm. Apati 2è nan apremidi,Delege depatmantal la, Dionel Germain nan yon tèt kole ak Vis Delege Awondisman Fòlibète a, Eddy Michel, ak Majistra prensipal la, Étienne Louis Jacques, fè yon gwo desant nan lari Fòlibète pou demoli oswa deplase tout kay, tonèl ak estrikti ilegal ki te konstwi sou twotwa yo.
Se pa premye tantativ otorite yo fè pou mete lòd nan dezòd dosye sa k ap pran vil la annotaj. Depi plizyè jou anvan, Delege GERMAIN te deja voye yon lèt bay Majistra Fòlibète a pou mande l pran mezi rapid san pèdi tan kont okipasyon ilegal sa yo. Malgre enfomasyon an te piblik, anpil pwopriyetè estrikti yo pa t fè okenn jès pou respèkte lalwa. Jodi mèkredi a, otorite yo pase nan aksyon konkrèt. Tout sa ki te mal plase sou twotwa yo tonbe anba pèl bakolodè.
Pi fò nan estrikti ki te demoli yo se biznis tankou auto parts ak restoran popilè ke yo rele “chen Janbe.” Otorite yo fè konnen se pa Fòlibète sèlman ki konsène: operasyon sa yo ap kontinye nan lòt vil nan depatman an, Tèrye-Wouj se pwochen sib.
Bò kote pa l, vis Delege Eddy Michel raple se depi nan peryòd preparasyon pou Kanaval Nasyonal la, ki te sipoze fèt nan vil Fòlibète a, kèk estrikti te deja make pou yo demoli. Li fè konnen aksyon sa a se pa yon pèsekisyon, men pito yon siyal klè ke Fòlibète, kòm chèf-lye Depatman Nòdès la, pa ka kontinye bay move imaj kote moun ap bati kote yo vle.
Delege Dionel GERMAIN, li menm, mete aksan sou nesesite pou retabli lòd ak respè pou lalwa. “N ap mete tout sa ki ilegal atè, men se tou yon apèl pou tout sitwayen angaje yo pou pi bon vizaj Fòlibète,” daprè sa li deklare.
Otorite yo pwomèt pou kontinye operasyon netwayaj sa yo pandan tout sezon ete a, pou pèmèt pi bon aksè sikilasyon, sekirite pyeton yo pi bon imaj nan vil yo.
