
Administrasyon Prezidan Donald Trump lan pran yon nouvèl desizyon ki riske afekte plizyè milye imigran k ap viv nan peyi Etazini ki konte sou pèmi travay yo pou yo kontinye viv. Depatman Sekirite Entèn (DHS) konfime nan yon nòt ofisyèl ke li pral mete fen nan pwolonjman otomatik dokiman otorizasyon travay (EAD) pou moun ki te renouvle dokiman yo aprè 30 oktòb 2025. Mezi sa a, ki antre an aplikasyon imedyatman, chanje yon pratik ki te pèmèt imigran kontinye travay pandan aplikasyon yo t ap trete pa sèvis sitwayènte ak imigrasyon Etazini (USCIS).
Dapre anons la, nouvo règleman an elimine ekstansyon otomatik jiska 540 jou anvan ki te bay sèten kategori aplikan yo. Otorite amerikèn yo fè konnen chanjman sa a fèt pou ranfòse sekirite nasyonal ak aplikasyon lwa imigrasyon yo. Yo mete aksan tou sou nesesite pou fè plis verifikasyon ak tès «background» anvan yo renouvle pèmi travay yon etranje. «Travay nan peyi Etazini se yon privilèj, se pa yon dwa» , daprè deklarasyon direktè USCIS la, Joseph Edlow, ki mete aksan sou yon apwòch pi strik nan dosye imigran yo.
Desizyon sa pral afekte plizyè kategori moun ki pa sitwayen ameriken, tankou moun k ap aplike pou ajisteman estati, moun ki sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), konjwen moun ki gen viza H-1B oswa L-1, ak aplikan ki gen dosye annatant pou anpeche depòtasyon. Sepandan, DHS presize ke EAD ki te deja pwolonje otomatikman anvan 30 oktòb 2025 yo ap kontinye rete valab selon règleman anvan yo.
Chanjman sa yo parèt se yon apwòch imigrasyon pi sevè, kote verifikasyon dokiman ak tès sekirite yo vin pi entansif. N AP raplew pwolonjman otomatik yo te antre an aplikasyon premye fwa an 2016, epi yo te vin ranfòse l an 2024 pou konbat reta nan pwosesis USCIS yo. Kounye a, administrasyon an fè konnen objektif li se asire entegrite pwosesis otorizasyon travay la epi anpeche posib ka fwod.
Nan mitan enkyetid kominote imigran an, USCIS rekòmande tout moun ki gen pèmi travay pou soumèt aplikasyon renouvèlman yo gen jiska 180 jou anvan dokiman yo ekspire pou evite pèdi dwa travay tanporèman an. Anplwayè yo, dapre lwa amerikèn yo, oblije sispann nenpòt imigran si pèmi travay li ekspire pandan dosye renouvèlman an poko apwouve.



