
Jan sa te deja anonse, otorite lokal yo nan vil Wanament lanse operasyon debleyaj sou twotwa nan ri prensipal yo mèkredi 30 jiyè a avèk objektif pou mete lòd ak netwayaj nan vil la anvan fèt patwonal la. Se nan tèt kole Delegasyon Nòdès ki gen nan tèt Dionel Germain, Vis-Delegasyon an ki gen nan tèt li Mirbel Charles ak Mèri Wanament mete aksyon sa sou pye, avèk asistans plizyè inite polis tankou UDMO, BI-NE, ak Polis administrativ.
Travay la komanse sou gran ri a, kote plizyè gerit te deja demoli oswa deplase, nan objektif pou libere pasaj pyeton yo. Otorite yo mete aksyon an ann aplikasyon san pèdi tan, kòm yon repons konkrè a seri dezòd sant vil la konn rankontre pandan gwo evènman popilè oswa fèt patwonal.

Pratik mete biznis sou twotwa yo tounen yon maladi ki afekte tout vil peyi a, e Wanament pa epanye. Sa lakoz pyeton yo, sitout elèv lekòl, oblije pran risk pou travèse nan mitan wout ak machin. Sitiyasyon sa souvan mennen nan aksidan grav, san konte blokis ak move imaj sa gen pou etranje ki de pasaj nan vil la.
Plizyè obsèvatè salye mezi otorite yo kòm yon demach pozitif, ki ka ede redore imaj vil la pandan fèt la. Men anpil moun rete sou gad yo, paske jan sa konn fèt deja, mezi yo souvan pa dire. Aprè kèk jou, gen patikilye ki toujou jwen otorizasyon, pafwa atravè koripsyon, pou retounen mete gerit yo menm kote a.

Otorite yo dwe konprann batay sa a pa sèlman yon kesyon netwaye pou fèt, men se yon kesyon respè lwa ak sekirite piblik. Twotwa a se pa yon zòn komèsyal, se yon espas piblik ki rezève pou pyeton, e okenn patikilye pa dwe anpeche moun pase lib sou li.
Se tan pou Mèri a ak tout enstitisyon ki responsab yo pran angajman serye ak kontwòl kontinyèl, pou mete fen nan pratik sa kote wete gerit sèlman pa sifi , men fòk gen volonte pou pa retounen mete yo ankò. Pou sa fèt fòk lalwa aplike pou tout moun san distenksyon.
