
Otorite dominikèn yo arete jodi dimanch 10 dawou 2025 la, Rosemila Petit-Frère, ansyèn Majistra komin Akayè a, selon Gazette Haïti.
Dapre yon sous ki pre Anbasad Ayiti a nan Santo Domingo, nouvèl la konfime: ansyèn majistra a ta jwenn arestasyon pandan li te gen yon gwo kantite lajan sou li. Pou kounye a, otorite lokal yo poko bay detay sou sikonstans arestasyon an, men dosye a deja soulve anpil reyaksyon nan lopinyon piblik ak medya ayisyen yo, sitou se yonn figi anblematik pouvwa sa akoz pozisyon li te konn pran sou dèfen prezidan Jovenel Moïse.
Nap raple, pandan li t ap dirije komin Akayè, Majistra Rosemila Petit-Frère te souvan fè pale de li pou pozisyon li kont administrasyon ansyen Prezidan Jovenel Moïse la. Li te konn denonse kèk move desizyon li te konsidere ki pa nan enterè komin li a, e li te pale ouvètman kont sa li te rele “majinalizasyon Akayè” nan kèk gwo pwojè enfrastrikti.
