
Prezidan Kenya a, William Ruto, lanse yon avètisman klè jodi dimanch 7 septanm 2025 lan sou fen posib Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la (MMSS) an Ayiti. Misyon sila a, ki te lanse nan lane 2024 nan lide pou ede lapolis nasyonal la reprann kèk zòn kontwòl nan men gang yo, ap ekspire nan mwa oktòb k ap vini la. Ruto mande Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou yo pran bon jan desizyon pou gen yon tranzisyon byen planifye.
Avètisman sa a te fèt pandan yon rankont bilateral ak Premye Minis Barbad la, Mia Mottley, nan kad dezyèm somè ant Afrik ak Kominote Karayib la (CARICOM) ki t ap dewoule nan Addis Abeba, kapital peyi Etyopi. Ruto mete aksan sou nesesite pou gouvènans mondyal la pran responsabilite li, pandan li fè yon mizajou pou kominote entènasyonal la sou gravite sitiyasyon an Ayiti.
«Misyon sa te lanse kòm yon repons a demand otorite ayisyèn yo. Nap soulinye gen ijans pou Konsèy Sekirite a dirije yon tranzisyon rapid e responsab», deklarasyon ofisyèl Prezidan Ruto a sou kont medya sosyal li. MMSS la se yon misyon Kenya te dirije gras ak sipò finansye Etazini anba apwobasyon Nasyonzini.
Misyon an te gen pou objektif pou ede fòs lòd an Ayiti yo fè fas ak gang ame yo ki kontwole plis pase 90% nan kapital la, Pòtoprens, ak plizyè lòt zòn pwovens nan peyi a. Anviwon 1,000 sòlda, majorite ki soti Kenya, te deplwaye sou teritwa Ayisyen pou bay asistans taktik ak lojistik.
Daprè enfòmasyon Nasyonzini dispoze, Ayiti ap fè fas ak yon ogmantasyon dramatik nan vyolans. Nan premye 6 mwa 2025 lan, peyi a te anrejistre 4,026 ka asasina, sa ki reprezante yon ogmantasyon 24% konpare ak menm peryòd ane anvan an. Finisman MMSS lan san yon plan solid kapab mete plis enstabilite nan yon peyi ki deja plonje byen anba laperèz.



