
Repiblik Dominikèn kontinye vanse yon wout teknoloji ak inovasyon, avèk lansman posib yon sèvis ayeryen entèlijan ki pote non «Taksi Dwòn». Se yon aparèy trè avanse ki p ap bezwen pilòt, men k ap vole avèk èd 16 elis, epi ki kapab transpòte pasaje anlè. Chak vwayaj ta dwe koute 100 dola ameriken pou chak pasaje, daprè sa antreprenè ki lanse inisyativ la fè konnen.
Objektif prensipal pwojè sa se atire plis touris pandan y ap eseye soulaje trafik viyikil k ap vin pi chaje chak jou nan kapital la ak lòt gwo vil. Gouvènman Dominiken an deja bay sipò li pou lide sa, sa ki montre angajman peyi sa pou li kontinye ap mennen zòn karayib la nan direksyon modènite ak teknoloji.
Dominiken yo pa nouvo nan inovasyon. Yo deja genyen pwòp sant fabrikasyon avyon, yo enstale teleferik nan plizyè rejyon, e kounye a yo pare pou mete trafik ayeryen sou tèt vil yo. Inisyativ sa montre yon vizyon long dire pou modènite ak devlopman dirab.
Taksi ayeryen sa a sipoze mache avèk enèji renouvlab, e li kapab chanje totalman fason moun ap deplase nan vil tankou Santo Domingo oswa Santiago. Se yon pa anplis ki ka mete peyi a nan «top inovasyon ayeryen» nan amerik latin nan.
Si tout bagay mache jan yo prevwa, Dominiken yo ta ka vin premye peyi nan karayib la ki mete yon rezo transpò ayeryen entèlijan pou itilizasyon gran piblik la.




