Uncategorized

Germenson Delmyr melanje elegans ak matirite pou felisite nouvo konsèy egzetkif enterimè Wanament lan.

Aprè piblikasyon arete ofisyèl ki nonmen mesye José Tidé, Hervé Pierre ak Madam Adeline Joseph kòm nouvo responsab administrasyon meri Wanament, Germenson Delmyr pa pèdi tan pou l voye yon mesaj konsilyasyon ak solidarite bay nouvo konsèy egzekitif enterimè a pandan li voye gwo remèsye tout sipòtè li yo. Nan reyaksyon sa, li felisite nouvo ekip la e ankouraje yo pou yo travay ansanm ak solidarite pou avansman vil la.

Malgre non pa l pa ladan lis nouvo responsab yo, mesye Delmyr mete aksan sou rekonesans li pou tout moun ki te sipòte l pandan tout demach li yo. Li fè konnen li pa kont okenn moun ki te nome yo, e li vle tout moun konprann se pa bagay pèsonèl, men pito yon okazyon pou mete tèt ansanm pou avni vil la. Li pwomèt kontinye angaje l kòm sitwayen aktif pou pi bon devlopman Wanament.

Nan mesaj li a, li pwofite mete limyè sou bezwen pou jenès la rete angaje, e li mande nouvo otorite yo pou pran bon desizyon ki kapab trase chimen pou bon jan chanjman. Mesaj li ranpli ak lespwa, matirite ak respè pou demokrasi lokal la. Mesaj la klè, politik pa chita sèlman sou pòs, men sou angajman pou kominote a.

Germenson Delmyr fini mesaj li ak pawòl ki ranfòse imaj li kòm yon lidè modèl: «Wanament konte sou nou. Rete solidè ak aktif pou n gen enpak reyèl sou jenès la». Yon pozisyon ki montre li rete ouvè pou kontribye nan byenèt kominote avèk ou san pozisyon ofisyèl.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button