ACTUALITESJUSTICE

Gwo akizasyon grav sou do Mèt Jean Simon Edlin pou zak kòripsyon, vyolans, dilè dwòg ak volè machin

Nan emisyon radyo “Koze Mande Tichez” ki te pase samdi 30 dawout la, sitwayen Cénor Adrien lanse yon nouvo seri akizasyon grav kont avoka Mèt Edelin Jean Simon. Dapre Adrien, Me Jean Simon ta plonje tèt li nan plizyè zak malonèt, ki sòti nan kowòpsyon rive jis nan menas ak vyolans.

Adrien fè konnen avoka a te eseye kowòpi responsab koloni Willy Azéma, lè li ofri l 250,000 goud pou pwodwi yon fo dokiman. Men Azéma, ki pa t dakò rantre nan magouy la, te refize aksepte òf la, malgre li te resevwa 50,000 goud kanmenm. Selon Adrien toujou, se menm tranzaksyon sa a ki vin lakòz plizyè konplo sou tèt li.

Li denonse  Mèt  Jean Simon ki te deja voye moun tire sou li de fwa. Premye atak la te echwe, epi nan dezyèm tantativ la, moun ki te resevwa misyon an ta refize egzekite zak la apre li vin jwenn bon enfòmasyon sou dosye a. Adrien ajoute avoka a ta menm pibliye foto li ansanm ak pitit li pou fè pase yo kòm vòlè machin ak dilè dwòg, yon zak li konsidere kòm difamasyon.

Nan menm entèvansyon li, Adrien akize Me Jean Simon kite te vòlè yon machin epi la ale kache l anba pwela nan zòn Karis. Mesye Adrien pa konprann kijan yon moun konsa ka toujou ap parèt ak tòj kòm avoka pou plede, pandan jij, komisè gouvènman, dwayen ak batonye prezan nan tribinal la, li kontinye pou li kritike fason avoka a ta depanse lajan li fe nan move aksyon chak weekend anba je tout otorite.

Malgre tout akizasyon sa yo, Adrien fè konnen li gen anpil respè pou avoka ki serye ak onèt. Li prezante eskiz li anvè yo, men li mande Batonye lòd avoka yo nan Fòlibète, Mèt Gaston Étienne, pou pran mezi disiplinè kont Me Jean Simon. Selon li, si pa gen sanksyon ki kont Mèt Jean Simon, kredibilite tout enstitisyon an ap an danje.

Nap pwofite souliye rasin konfli sa soti nan yon tranzaksyo kote Mèt Jean Simon te reprezante yon pwopriyetè ki tap vann yon tèren. Avoka Met la te resevwa kob an prezans mesye Samson Camiel kom temwene ki te kontwole yon lajan an ki se yon montan 5 milyon goud nan non kliyan an, men Adrien pa janm rive jwi tè sa a. Aloske ansyen dwayen TPI Fòlibète, Wilfrid Brutus, ta bay otorizasyon pou revann tè a, men jiskaprezan, daprè Cenor Adrien, Mèt Jean Simon poko janm remèt lajan li te envèsti a.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button