Uncategorized

Ti Youri kite nan menm espas ak Nenel Cassy jwenn arèstasyon l tou, men li fè konnen li pa rekonèt moun konsa

Apre plizyè mwa rechèch, DCPJ mete men sou ansyen senatè Nenel Cassy nan restoran La Réserve, nan Petyon-Vil, samdi 2 out 2025. Arestasyon sa fèt sou baz yon manda lajistis ki te deja lanmen otorite yo, kote non misye site nan zak asasinay, kidnaping, epi koneksyon ak gang ame.

Nan moman arestasyon an, ansyen senatè a, Loubenson Benjamin plis popilè sou non “Ti Youri”, te prezan nan menm lokal la. DCPJ mete men sou li tou pou entèwogasyon, menm si non li pa te endike nan manda a. Dapre sous lapolis, misye te panike epi deklare li pa gen okenn lyen ak Nenel Cassy, li pa menm konnen moun konsa. Donk Ti Youri pa menm tann kòk la chante 3 fwa.

Lè li t ap tante esplike rezon prezans li, Ti Youri di li te sèlman ap pase nan restoran an pou pran yon moun epi li pa t menm remake si Nenel Cassy te nan espas la. Li fè konnen li pa t gen randevou ak okenn moun, e li mande otorite yo pou yo verifye kamera sekirite yo pou konfime pawòl li.

Men, DCPJ fè konnen prezans ansyen senatè Nenel Cassy ak Ti Youri nan yon menm espas pa ka yon senp konyensidans. Lapolis deja lanse yon ankèt rapid sou relasyon posib ant Nenel Cassy ak Ti Youri, e yo mete aksan sou plizyè dosye kote non de mesye sa yo te deja site kòm moun ki gen kontansye ak lajistis.


Anpil obsèvatè wè arestasyon sa yo kòm yon siyal ke otorite yo ap eseye frape pi wo nan rezo politik ki ta gen koneksyon ak zak ensekirite k ap ravaje peyi a. DCPJ pwomèt transparans nan dosye a epi mande popilasyon an pou l kenbe kalm pandan pwosedi yo ap dewoule.

Pandan avoka Ti Youri ap mande liberasyon rapid kliyan li a, Nenel Cassy, li menm, ap tann premye entèwogasyon fòmèl li kote li pral reponn sou akizasyon grav ki peze sou do li. DCPJ pa eskli posiblite arestasyon lòt endividi toujou dapre sa ankèt la va revele.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button