
De anplwaye nan sèvis achiv Ministè kilt tonbe anba men lajistis mèkredi 1e dawou a, pandan yon pèkizisyon jij enstriktè Noé Pierre Massillon te mennen, nan tèt kole ak komisè gouvènman an bò kote kou dapèl la, Mèt Claude Jean. Operasyon sa fèt nan kad yon ankèt sou gwo dosye trafik zam ak minisyon ki endekse legliz episkopal an Ayiti.
Dapre sa Radio Télé Métronome fè konnen, 2 anplwaye sa yo te gen nan men yo yon lèt ki date 10 me 2022, kote pè Mardoche Vil te siyen yon demann franchise pou 2 kontenè ki te swa-disan genyen manje ak materyèl lekol ladann, pou legliz episkopal an Ayiti.
Menm ankèt sa montre klè kontenè sa yo te chaje ak zam ak minisyon, sa ki montre gen manipilasyon ki te fèt sou dokiman ofisyèl yo pou kouvri aktivite ilegal sa anba kouvèti èd imanitè ak edikatif.
Dapre otorite jidisyè yo, ankèt la ap kontinye pou jwenn tout lòt moun ki enplike dirèkteman ak endirèkteman nan rezo sa a, kèlkeswa pozisyon yo. Gen posibilite tou pou tout lòt fonksyonè leta oswa moun nan sektè relijye a ap gen pou jwenn arèstasyon yo si yo enplike.
Eskandal sa vin mete plis dout sou onètete kèk enstitisyon relijye nan peyi a, kote yo souvan site nan konplisite ak rezo gang ame.
Lajistis pwomèt pou l fè limyè sou dosye a, nan yon kontèks kote trafik zam se youn nan prensipal motè ensekirite k ap simen laperèz k ap ravage Ayiti depi plizyè ane.
