ACTUALITESDIPLOMATIESÉCURITÉ

Anbasad Etazini denonse kanpay mansonj gang yo ap fè sou rezo sosyal epi lonje dwèt sou yo kòm «teworis»

Nan yon mesaj ki pibliye sou kont X ofisyèl anbasad amerikèn an Ayiti nan dat 10 septanm 2025 lan, otorite amerikèn yo lanse yon avètisman kont yon kanpay fo enfòmasyon gang yo ap fè sou rezo sosyal yo pou twonpe vijilans ak inosans popilasyon an. Mesaj anbasad la klè: «Pa kite manti gang yo ap bay sou rezo sosyal yo twonpe w».

Anbasad la pat neglije mete aksan sou zak destrikayon gang yo kont pèp ayisyen an, pandan li presize gang yo se teworis ki kontinye ap simen latwoublay nan mitan konpatriyòt ayisyen parèy yo. Li pwofite tou pou denonse jan gang sa yo vle fè tèt yo pase kòm defansè peyi a, pandan y ap kraze kay moun, detwi plizyè katye an antye, epi teworize popilasyon an. Anbasad la fè konnen tout moun ki gen je nan tèt yo ka wè imaj destriksyon byen ak mizè moun ki viktim anba zak gang yo sou rezo sosyal yo.

Otorite amerikèn yo pa pase pa kat chemen pou fè konnen gang teworis sa yo se kòz prensipal kriz sekirite an Ayiti a. Li souliye tou ke gwoup sa yo pa montre yo gen okenn enterè pou byennèt pèp la. Pou anbasad la gang sa yo se teworis ki sèlman wè enterè tèt yo men ki pa sousye yo de konpatriyòt ayisyen parèy yo vre pandan li mande pou otorite ayisyèn yo mete men nan kòlèt gang sa yo, kaptire yo mete nan prizon paske se sèl mwayen ki pi efikas pou fini ak vyolans lan nan peyi a pou sekirite retabli .

Mesaj la fini sou yon angajman klè peyi Etazini: «sekirite peyi Dayiti enpòtan pou Etazini». Menm si majorite sitwayen k ap suiv pozisyon ak demach Etazini nan kriz k ap dewoule Ayiti a rete ak gwo dout nan tèt yo sou volonte kominote entènasyonal la pou kontribiye nan amelyorasyon sitiyasyon an sekirite a an Ayiti.

ACCILIEN JACKENSON

Agronome/Politologue/Journaliste

Related Articles

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Back to top button