
Nan yon desizyon ki deja pwovoke gwo deba nan kesyon imigrasyon nan peyi Etazini, yon jij federal nan Washington, D.C. kenbe pozisyon li pou bloke tantativ administrasyon Trump la ki t ap chèche mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou plis pase 300,000 Ayisyen. Pandan yon odyans jodi jedi a, jij Tribinal Distri Etazini Ana Reyes te rejte mosyon gouvènman an ki te mande l chanje òdonans li te bay anvan an. Li anonse tou li pral pibliye yon òdonans alekri pou pèmèt tribinal dapèl egzamine kesyon an, pandan avoka Depatman Sekirite Entèn yo gen jiska 19 avril pou soumèt dokiman yo.
Desizyon sa a bay yon soulajman tanporè pou plizyè santèn milye ayisyen ki te riske pèdi dwa pou viv ak travay legalman nan peyi Etazini, sa ki t ap rann yo vilnerab fas ak depòtasyon. Jij la te pwofite okazyon an pou l klarifye konfizyon ki te gaye apre desizyon li te pran 2 fevriye a, pandan li ensiste sou konsekans grav ki ta genyen si moun ki deja depòte yo pa ta jwenn okenn chemen legal pou retounen si yon tribinal siperyè ta deside an favè yo pita.
Nan menm odyans lan, Reyes te denonse akizasyon ak atak pèsonèl ki te vize li sou rezo sosyal yo, ansanm ak menas lanmò li te resevwa pa imèl. Jij la, ki se yon imigran li menm, raple li pa t janm kache orijin li pandan pwosesis nominasyon li. Malgre li minimize kèk ensilt tankou kesyon sou konpetans li, li fè konnen menas lanmò yo depase limit tolerab. Sepandan, li te fè konnen li p ap kite entimidasyon an fè l fè bak nan misyon li pou fè respekte lalwa san patipri.
Odyans lan te make tou ak yon kesyon sevè jij la te poze avoka gouvènman yo, sitou sou fason yo te entèprete òdonans tribinal la ak difikilte kèk benefisyè TPS te rankontre pou renouvle lisans chofè yo. Reyes te voye yon avètisman klè pou fè konnen nenpòt vyolasyon òdonans tribinal la ta ka pote konsekans grav, pandan li te rejte agiman administrasyon an ki te pretann li ta sibi domaj ireparab si TPS la pa t anile.
Anplis, jij la kritike fason gouvènman an te jere pwosesis pou mete fen nan TPS la, li fè konnen lalwa egzije konsiltasyon ak lòt ajans federal, tankou Depatman Deta, yon etap li estime pa t fèt. Desizyon li an rete yon pwen rezistans enpòtan nan batay legal sou politik depòtasyon an mas, pandan li souliye wòl tribinal yo nan pwoteje prensip demokratik yo. Nou pap kite yo entimide nou, Reyes te deklare, reafime angajman li pou jistis malgre presyon ak menas yo.



