
Polis Nasyonal Dayiti (PNH), atravè Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik li, lanse yon avètisman enpòtan bay tout sitwayen. Nan yon mesaj piblik ki difize pa seksyon odyovizyèl, PNH la mete aksan sou danje ki genyen nan kite nou enfliyanse ak deklarasyon oswa mesaj teworis ak bandi ame yo ap simaye sou rezo sosyal yo k ap mande pou popilasyon an tounen lakay yo aprè zak kriminèl yo.
Selon otorite yo, gang ak lòt fòs malveyan yo ap chèche manipile opinyon piblik la, fè presyon sou popilasyon an epi fè moun pè, apre yo fin simen laterè. PNH raple ke tout fòm zak vyolans sa yo reprezante yon menas grav kont sekirite kolektif la, e se devwa chak sitwayen pou yo pa fè mesaj sa yo konfyans.
Nan sans sa, Polis Nasyonal la ankouraje tout sitwayen rete vijilan, pa distribye oubyen fè pwomosyon okenn mesaj ki soti nan bò kote kriminèl yo, men pito mete konfyans yo nan estrikti leta yo. Gouvènman an ak PNH la ap travay san pran souf pou mete peyi a sou ray sekirite.
Polis nasyonal la renouvle angajman li pou li kontinye mennen operasyon kont tout gang sou tout fòm. Rèsponsab PNH fè konnen yo pa p kite espas pou teworis ak zak mechanste pran rasin sou tèritwa nasyonal la.
Finalman, PNH la lanse yon apèl bay popilasyon an pou l kontinye bay bon jan kolaborasyon, pataje enfòmasyon itil epi mete tèt ansanm ak fòs lòd yo pou retabli kalm ak sekirite nan chak katye. Se ansanm, ak disiplin ak detèminasyon, nap kapab simonte kriz sekirite a.




