
Nan dènye jou sa yo toupatou nan radyo ak rezo sosyal se gwo rèl ak denonsyasyon sou kantite lajan ladwàn an Ayiti ap takse pwodwi ki soti nan peyi etranje sitou machin. Nan mitan denonsyasyon sa yo genyen Jean Ralph Gracia kise direktè kontwòl nan Administrasyon Jeneral Ladwàn (AGD) ki t ap eseye pote limyè sou koze k ap pale yo pandan li t ap patisipe nan emisyon «Panel Majik», yon fason pou li mete yon fren konsènan move konpreyansyon ki genyen nan tèt sitwayen yo sou kantite lajan yo dwe peye kòm frè ladwàn sou enpòtasyon machin.
Pou byen eklèsi sitwayen yo sou pwen sa, mesye Gracia pran egzanp yon sitwayen ki achte yon «Suzuki Grand Vitara» pou 7 000 dola ameriken. Daprè deklarasyon mèt machin nan, li te panse li t ap peye apeprè 350 000 goud kòm frè ladwàn. Men, selon analiz ak kalkil ofisyèl Jean Ralph Gracia fè, vrè kantite lajan sitwayen an ta dwe peye prèske rive nan 950 000 goud, diferans sa sòti nan kantite frè ak taks ki aplike sou machin nan.
Men lis taks yo ak pousantaj ki aplike sou machin nan:
1. Dwa ladwàn selon klasifikasyon tarif Dwanyè aplikab an Ayiti a pou ti machin lan
2. Dwa daksiz: 15 %
3. Frè verifikasyon: 6 %
4. TCA (Taks sou Chif dafè): 10 %
5. Taks premye imatrikilasyon: 20 %
6. Taks touris: 10 %
7. Taks pwoteksyon anviwònman (pou machin ki gen plis pase 7 an): 25 %
8. Konstribisyon pou fon jesyon : 2 %
9. Lòt taks espesyal
Tout taks sa yo mete ansanm monte a yon to 104,82 % sou valè machin nan. Sa vle di si w achte machin ou 7 000 USD, w ap peye plis pase 7 300 USD an taks pou mete li sou wout an Ayiti.
Deklarasyon sa yo soti pou mete klarifikasyon sou malantandi ki egziste sou pri ladwàn Ayiti ap takse machin yo. Jean Ralph Gracia mande popilasyon an pou li toujou konsilte ladwàn oswa ekspè sou dedwànman anvan yo enpòte machin, pou yo ka evite sipriz dezagreyab. Direktè kontwòl ladwàn lan di li angaje l pou mete plis transparans nan sistèm nan, pandan li ap ankouraje sitwayen yo pou respekte lwa fiskal peyi a.



