
Etazini mete Repiblik Dominikèn pami 22 peyi ki jwe yon wòl kle nan fè tranzit oswa pwodiksyon dwòg ilegal pou ane fiskal 2026 la. Desizyon sa, ki te soumèt bay kongrè ameriken an nan dat 15 septanm lan, presize enklizyon Rep Dom nan lis sa a pa vle di gen yon mank koperasyon oswa feblès nan efò gouvènman dominiken an ap fè nan batay kont trafik dwòg. Okontrè, rapò sa plis chita sou faktè estriktirèl ki gen pou wè ak pozisyon jeyografik ak mouvman komèsyal ki gen nan peyi a.
Prezidan Donald Trump eksplike ke sitiyasyon estratejik Repiblik Dominikèn nan Karayib la, ansanm ak gwo aktivite komèsyal anplis rezo transpò entènasyonal li yo, fè l tounen yon zòn tranzit enpòtan pou rezo kriminèl yo. Pwoksimite peyi a ak prensipal wout dwòg ki soti nan Sid amerik pou ale Etazini ak Ewòp plis fèl tounen yon koridò kle, sitou nan transpò kokayin ak lot pwodwi chimik pou fabrike lòt dwòg. Nan senk dènye ane sa yo, Komisyon Nasyonal Kontwòl Dwòg (DNCD) rapòte yo sezi plis pase 226,000 kilo dwòg ak arestasyon plis pase 182,000 moun, yon prèv ki montre efò gouvènman an pou konbat fenomèn nan.
Lis la gen ladan l tou plizyè lòt peyi nan amerik santral ak karayib la, tankou Ayiti, Jamayik, Bahamas, Panama ak Kosta Rika, ki gen menm karakteristik jeyografik ak risk yo. Otorite ameriken yo fè remake pi lwen aprè kokayin, menas trafik fentanyl ak lòt sibstans sentetik yo kontinye ogmante, sa ki lakòz plis pase 200 lanmò chak jou Etazini ak ovèdoz nan lane 2024. Sitiyasyon sa a egzije pou ta gen plis bon koperasyon ak estrateji rejyonal pou limite pwopagasyon mache dwòg la.
Enklizyon Rep Dom sou lis sa pa vle otomatikman gen sanksyon, li mete Repiblik Dominikèn anba plis siveyans entènasyonal. Èspesyalie nan koze sekirite yo estim desizyon sa a ka enfliyanse fason Etazini reyalize distribisyon resous li nan domèn sekirite ak koperasyon entènasyonal. Sa vin renouvle nesesite pou Repiblik Dominikèn ranfòse kontwòl fwontyè li yo, ogmante kapasite lojistik anti-dwòg li yo, epi konsolide relasyon li ak patnè entènasyonal yo nan lit kont krim òganize transnasyonal.



