
Peyi Etazini an anonse 26 novanm 2025 lan, li deside mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayiti, yon mezi ki pral antre an vigè 3 fevriye 2026. Nan yon avi ofisyèl yo pibliye nan rejis federal la, yo fè konnen Ayiti pa reponn ak kondisyon legal ki pèmèt yon peyi jwenn pwoteksyon sa a. Gouvènman ameriken an mande tout ayisyen ki anba TPS, ki pa gen lòt baz legal pou rete nan peyi a, pou kòmanse prepare yo retounen, avèk obligasyon pou yo anrejistre sòti yo sou aplikasyon mobil «CBP Home». Yo prevwa tou yon tikè avyon ak yon sibvansyon $1,000 US pou pwosesis rapatriman an.
Depi apre tranbleman tè 2010 la, Ayiti te resevwa TPS plizyè fwa akoz kriz politik, ekonomik ak dezas natirèl ki te brase peyi a. Mizè, chòk sosyal ak mank estabilite te fè anpil ayisyen te jwenn yon chans pou viv, travay epi konstwi yon lavi miyò nan peyi Etazini. Se poutèt sa, desizyon an tonbe kòm yon chay lou sou dè milye fanmi ki deja enstale e ki pat prevwa retounen nan kondisyon difisil Ayiti ap travèse jounen jodia.
Desizyon sa parèt nan moman Ayiti ap fè fas ak youn nan pi gwo peryòd ensekirite nan listwa li. Anpil gwoup ame kontwole yon seri zòn an antye, vyolans ap ogmante chak jou, e enstabilite politik ap kraze tout estrikti leta yo. Sitiyasyon sa yo fè anpil obsèvatè kwè ke peyi a lwen nan trè lwen nan sa ki konsène preparasyon pou resevwa l kantite moun ki pral oblije retounen britsoukou. Gen anpil risk pou moun sa yo ta viktim anba vyolans, kidnapping oswa viv nan lari san kote pou yo dòmi se yon enkyetid grav.
Anplis ensekirite a, gen yon kriz imanitè k ap vin pi grav chak jou. Anpil sitwayen ap deplase andedan peyi a akoz atak gang yo, lekòl ap fèmen, lopital manke resous, epi enfrastrikti ekonomik yo ap tonbe chak jou. Lè yo retire TPS la, sa ka ogmante presyon sou peyi a ki deja frape ak feblès ak dezòd, sa ki ka mete moun ki retounen yo nan yon pozisyon ekstrèmeman frajil.
Desizyon Etazini an leve anpil enkyetid nan kominote ayisyen an Etazini ak lakay, paske li parèt pa pran an kont reyalite danjere ak enstabilite Ayiti a ap travèse. Gen anpil vwa ki kòmanse mande pou rekonsidere mezi sa oswa mete sou pye yon plan asistans solid pou moun ki pral afekte yo. Nan yon moman kote peyi a bezwen sekirite, estabilite ak sipò, anpil moun kwè retire TPS la kapab agrave kriz la epi mete lavi plis moun an danje.



